160 BARS
Nouvel dimansyon 160
Fricky fricky epi plat men
Gen lontan map swiv yon wout sanm pat deplase
M te rete nan yon limit sanm pat depase
Game lan vin restreint sa'k al lachas pèdi plas
Men hélas, yo pagen pri vrèman s'on dal rapè 10 pyas
M pote yon chanjman m pa vin korije m vin distrè'm
Nouvel dimansyon anba sa'k pa bon m met 10 trè'm
M vin sove yon sistèm
Olye mwen ekri 10 tèm
Ensanse m panse touche sa'k varye yo m rann 10 tèm
Map toujou fè bien menm lè lèzòm engra
M s'on ti baka ba ka tro long pou mwen menm si m pa gro men m gra
M g'on flèv liriks, yon plantasyon skills ki banm yon forè vè
E'm fèw wè vè nan plas vèmisèl vèvè sou bit for ever
M fèw wè ak verse mwen m genyen batay la menmsi m s'on kòk yon je
M kondane poum fight pou siksè'm poko ka pran konje
M gen move jan epi'm funny
Konstwi bit epi'm fann li
M pa protagoniste game sa men se mwen'k Épiphane li
Eskizem sim pat di nou map kraze yon bit la
Lè rap fèt m pat la men se mwen ki koupe kòd lonbrit la
Eske gen yon lwa ki di siw rapè fò jeans li ra bonday?
Pouki'n oblije fè rap si lè'n en live nou jwe raboday?
Sistèm lan pouri
Rap kreyòl nan kouri
Verse neg yo se blag toto mwen'm pa menm gen dan pou'm ri
M wè pagen skills pagen vibe pagen punch
Neg yo ap bege e nan game lan yo bliye sil pagen Panch
Kounya'm pral montre'n kole ba chita la pou'n gade
Parce que moi j'écris des punchlines à la Mugabe
Nou gen pou'n pale tenten e ceci jis nou bade
Lè'n wè talan'm se yon machin ki vo plus ke yon Bugatti
M pote bon komisyon makout mwen chaje kou leba poto
Pou'w ka fè punchline fòw aprann kole ba poto
Sinon map toujou pase wo wap pase ba poto
Depi'm la pagen but tout shoot ou se ba poto
Replase balon'w epi siveye goal ou
Re ekri lirik ou yo epi siveye dyòl ou
Paske rap pa ti vaz epa ladan pou'w vin vomi
Pak ou met kochon domi epa ladan pouw viv homie
M ka pran yon poz men sou bit la m pap repoze
M depoze sa kap enpoze
M ka rale yon souf men pa kwè map ret poze
M gade je avan m depoze
Si m mete sa la malè pou'm paskem konnenw pral raboubere'l
Met chak gro dra pou'w di ou fre dim non e arab ou ye?
Kisa'k pi bon ant sa'k kole tèt ak sa'k ini still
Li difisil pou'm chwazi ant sa'k pa vo ak sa'k initil
Kounya se pi sòt kap pase medyokrite'k priyorize
Paske sistèm lan chaje yon dal neg sòt epi yo rusé
Ou pap tande PIC, K-libr paske nou gen plis radyomann
ke animatè promotè yo plis kanpe an biznis man
Pou neg pwovens santi'l animatè fò li woule break new kapital
Ou ki la avel pou'l jwe'w fò'w ba'l yon kapital
Men di'm non, konbien nou touche nan men Usher, Justin Bieber
Mesye i'm sorry, si se pou mwen nou pap bwè Bière
Paske m pap ka peye'w pou'w jwe'l pandan sa'm fè a Good
M met mind pou'm peye studio m prije sèvo'm san fè yon goud
Lè'w kòmande mizik mw :"Ahh yo poko pote'l isi"
Poutan nan chèche break new etranje zye'l kale sou tout sit
Toutanw la ak yo ou se epav yo pap apresye talan pre
Kanw vire do'w ou fè kèk pa lè sa yap chèche talon pye'w
Pou ti grenn rad ou bliye siw se gason e kot tèt ou ye?
Ou mete yon tenis kap klere'm dim mon lanp ekotèk ou ye?
Ou tounen machann diyite, Bondye wèw espèce de bâtard
M paka pale de swagg toutan map fè street ak bata
Real la li nan san'm e ceci se 100% m ye
M gen koulè viktwa m konn pote tristès tou se tankou san m ye
Lè street la tro solid nan likidasyon m konn tante
M met 160 bars nan bòl nou pou'm wè si na kontante
Si nou konn konte vre dim sou konbien bars m ye la
Mpat di'n fè devinèt m wè nou tonbe babye la
Badman pa pale anpil donk fò'w konn kòman pou'w sispann nan
M g'on clan dan griyen men ki kriyèl pase sousoupannan
E sousou pa nan baz mwen yap veye'l kill li
Yon real matador pap mete plak nan véhicule li
Epi'l sansib a la gachèt pase likilik
Nenpòt sèzè ki pile chanm li lap pase li kilik
Tout moun gen nesesite ou pa konn kilè yo te Toto
Men y'ap pran kou yo pap pale ou pa konn kilè yobte koko
Yard la chaje neg men m konnen kèk poko gason
Chaje rapè m fè parèt lèd fò'w di se Krèk koko gason
Flo'w poko ka sonnen
Nan street yo poko Tayson
Ou poko gason ou ka taye banda nan slip yo poko caleçon
Siw di onè ou pa tande respè poukisa ou antre kanmenm
Ou vle use talan'm pou'w fè kòb ou wap toujou wè'm frekan menm
M pap fè pou pussy pou sa men wap toujou wè'm fre kanmenm
So n'ap fè rap kousi kousa donk nap toujou wè fwèt nan men'm
M bezw'on botte sou tout sa ki anpeche'm pou'm make pa
Wap bezwen proteksyon'm nan gè men si'w wè kò'w plen mak epa
Tatouage men se blessure se swa'w kite'l se swa'w panse
Ou pa bezwen di m pap rive m gentan wè se sa'w panse
Ou ka wè kote map gade men wap bezwen konn vizyon'm
Tèt ou ap pote'l li pa chay kidonk wap bezwen komisyon'm e kòm m s'on envensib de lespri w'ap bezwen wap bezwen konviksyon'm
Kòm vizyon'w wè lavi'm an danje wap bezwen konn misyon'm
Ajoute m renmen MIC a chak vis a chak mès mwen
Epi atann map fè yon lòt prèch rap a chak mès mwen
Fidèl yo ap tann m just Fricky fricky dawg
Se yon ringtone,epi se yon klaxon poid lourd ki peze milles tonnes
Check it, ak kèk fight m tuye loup a
Yo pap manje yo fay epi Fricky se lou a
Yeah! I'm flying on top now cause i got my wing
You can never beat a winner cause he born to win
So, by the way look at me now i know you hate homie i don't care boy cause i'm on my way
Neg yo sezi wè m inove too
M fè yon rap ki good ki merite yon milyon vèt too
Franchman m renmen rap men m rayi game lan
Gen sa ki fini ki ret la jis paske yo gen non
Rap punchline kounya yo pa woule
Ou grennen yon plòt ou fè yon hit pou'w soti ou ta dwe kagoule
M pa yon bèt ki mare nan chan bwa men gen de jou m pri
E pou'm pa bliye m konn rele jah jah konsa gen de jou m priye
M fè gro bri lè'm vle achte yon bagay yobfè gro pri
E plim m pran pou'm pran plis prim pou'm pèse kite salopri
E salòp ri lè'l tande'w di se chak jou ou bezwen fre
Pou'm chèche siksè m prete nen chien menm si'l fwèt m bezwen fre
En fin bref! Buzz yap chèche fè a se chak jou m rale'l
Au pays des lettres yo paka pile a se chak jou m prale
Old school shit
Au secours shit
Si'w santi frap yo trop pou ou di hoss kouche
Check it, pa dim li bon par ipokrizi
Se trop foli ki fè jodia'n gen yon hip-hop crazy
Epòk Fricky pa epòk Weezy
Mwen m fè'w reviv epòk Biggy Small 2pac now epa'w crazy!
La morale je la nique
Ouais! Je la nique
Je serais plus célèbre qu'Hitler si je faisais un rap germanique
M rap sou raille, sou wout tè e sou asphalte sou adoken
Lè wap tandem ou di Good men ou pap banm yon adoken
Map kole mo yap kole sottise, yo hate mwen i don't care
Ou nan kouplè pi rèd sa ki pral monte a pa yon chœur
Kafou pap pele Kaka'men li ka baw sans a samba
M pap ba nou souf toutan m pa rape 160 bars<br>
Wa sezi wè
Jan m enpoze'm pou'm f'on combat mortel like Sub zero
Fò'w di ou wè
M extraordinaire
M tap fin milyonè si peyi'm te bon Jeff saw di neg?
Ede'm konte bars sa'k tizè matematik
M pap dakò pèdi pwose san'n pa montre'm atik
Neg ki konn ekri ka fè mil style a beat
Misil a bik, eksplozyon an se yon rap milti silabik
Donk fòw gen konsyans, fòw konn syans, fòw gen konesans
Enkonstans ak konstans pagen menm konesans, konn se rans
Wap konn plis koz kanw pran'w konnen
Epi'm konn sa kap rap konsa konsa kap stop kan'm sonnen
Menm lè media ap lache kreten kofre fò
Map kontinye fè bon rap pou'm fè kòb pou'm ranpli coffre fort
Boycottage pa dim on merde
Flo yo sal pati yo lèd
M pa bezwen peze vwa'm sou beat la pou'w wè sa'm di yo rèd
More mind on my head
À passer mon talent m'aide
Siw vle use talan'm pou'w fè kob ou m pap pa di'w monchè lanmèd
Si Lyrics yo te cheve m te ka jah man
Apre track sa si'm pat GBX m te ka diamant
M fè'l ni se pa pou'n rele'm papa ni king
M se senyè a toutan'n pa korije m pap pa panike'n
Avant moi c'était le néant, avec moi c'est tout et après moi c'est fini.